SOURCE 10.000
Premye Nivo
Nou gen omwens 4 pwomosyon chak ane: Janvier -> Mars -> Aout -> Novembre. Klas yo toujou komanse 2e ou 3e Semèn nan mwa sa yo. chak Samdi ou byen chak dimanch swa a 7:00 PM
Non. Se yon sèl jou. "Une heure de temps par semaine" 7:00 pou 8:00 PM. Ou chwazi yon jou ak orè nan sa ki disponib yo kap bon pou ou.
Etid la disponib online ak prezansyèl. Le'w etidye online ou pran etid la lakay ou san'w pa soti. Tandiske an prezansyèl wap vini nan adrès nou chak semèn pou etidye.
Kesyon 4: Ki jan de etid sa ye menm?
Se yon etid biblik ki gen plis pase 38 lane sou zo bra tèt li. Nou etidye ak tout kalite moun. Moun tout akabi. Nan etid sa Nou pa voye monte, nou etidye pawol Bondye ak bib ouve sèlman.
Ou pap peye anyen pou etid la. Ou sèlman bezwen ranpli form ki anlè a epi nap voye tout enfomasyon klas la pou ou. Epi pou vini nan etid la chak semèn.
Ekri nou sou [email protected].